Tansyon nan Meri Kòtfè: dezakò pete sou nominasyon yon direktè

De manm nan katèl la konteste yon desizyon yo konsidere kòm gwo ponyèt epi mande prezidan administrasyon an bay eksplikasyon

KÒTFÈ, 16 dawout 2026 — Apèn de (2) semèn apre enstalasyon nouvo ajan egzekitif enterimè yo nan tèt Meri Kòtfè a, yon gwo dezakò deja parèt nan mitan katèl minisipal la. Konfli a ta gen rapò ak desizyon premye manm katèl la pran pou nonme yon direktè nan administrasyon komin nan san konsiltasyon ni apwobasyon de lòt ajan yo.

Dapre enfòmasyon ki disponib, manm ki konteste desizyon an estime nominasyon sa a te fèt yon fason inilateral, san reyinyon ofisyèl ak san okenn konsansis nan mitan ekip ki responsab pou dirije meri a. Pou yo, yon desizyon konsa pa ta dwe soti nan volonte yon sèl moun, paske administrasyon minisipal la repoze sou yon direksyon kolektif kote chak manm dwe patisipe nan gwo desizyon ki konsène fonksyònman enstitisyon an.

Sitiyasyon an kreye yon klima tansyon nan meri a, alòske popilasyon an te espere nouvo ekip la t ap kòmanse travay nan tèt ansanm, transparans ak respè youn pou lòt. Gen moun nan komin nan ki deja ap poze kesyon sou fason administrasyon an pral rive reponn ak bezwen popilasyon an si manm yo pa kapab jwenn yon antant sou prensip debaz gouvènans lan.

Pou manifeste dezakò yo, manm katèl ki konteste nominasyon an voye yon korespondans ofisyèl bay premye sitwayen defakto komin nan. Nan lèt sa a, yo raple l enpòtans respè prensip kolaborasyon, konsiltasyon ak transparans nan jesyon meri a. Yo mande l tou pou li bay eksplikasyon sou desizyon an epi prezante baz administratif ki te pèmèt li fè nominasyon an san konsantman lòt manm yo.

Korespondans lan ta kapab make kòmansman yon kriz administratif si responsab yo pa chèche yon solisyon rapid. Dapre kèk obsèvatè, kestyon an depase senp nominasyon yon direktè. Li konsène sitou fason pouvwa a dwe egzèse nan tèt meri a, respè responsabilite chak manm ak kapasite ekip la pou pran desizyon ansanm nan enterè popilasyon an.

Plizyè sitwayen nan komin nan swete manm katèl la chita pale san pèdi tan, mete enterè pèsonèl ak politik sou kote, epi jwenn yon solisyon ki respekte règleman administratif yo. Pou yo, Kòtfè deja ap fè fas ak anpil defi nan domèn enfrastrikti, sèvis piblik, anviwònman ak devlopman lokal; se poutèt sa komin nan pa bezwen yon konfli entèn ki kapab bloke fonksyònman meri a.

Kriz sa a rive nan yon moman kote sitwayen Kòtfè yo bezwen yon administrasyon ki ini, serye epi ki kapab pran bon jan desizyon pou avansman komin nan. Se responsabilite tout manm katèl la pou yo montre matirite yo, retabli dyalòg la epi pwoteje kredibilite enstitisyon minisipal la.

Meri a se byen tout komin nan; li pa dwe tounen espas pou rivalite, desizyon pèsonèl oswa batay enfliyans. Se sèlman transparans, konsiltasyon ak respè mityèl ki kapab anpeche dezakò sa a vin tounen yon kriz pi grav. Popilasyon Kòtfè a ap tann eksplikasyon, men sitou li ap tann yon administrasyon ki mete tèt ansanm pou sèvi enterè kolektif la.

LeRasoirinfo@AOL.com

www.lerasoirinfo.com

BOUKAN BELYE AP SELEBRE FÈT PATRONAL NOTRE-DAME DE L’ASSOMPTION

Boukan Belye, Kòtdefè — Kominote Boukan Belye ap prepare l pou resevwa plizyè milye pèleren ak vizitè nan okazyon fèt patronal Notre-Dame de l’Assomption. Patisipan yo ap soti nan divès seksyon komin Kòtdefè, nan zòn ki antoure l yo, nan plizyè lòt depatman peyi a, ansanm ak nan dyaspora a.

Menm jan sa fèt chak ane, selebrasyon an gen ladan l plizyè aktivite relijye, sosyal ak kiltirèl. Pami aktivite yo genyen nevèn, priyè, mès, pwosesyon, animasyon mizikal, aktivite pou jèn yo, rankont familyal ak lòt moman detant. Ti machann ak antreprenè lokal yo pwofite fèt la tou pou vann manje, bwason, pwodui atizanal ak lòt sèvis bay vizitè yo.

Fèt la reprezante yon gwo moman lafwa, inite ak retwouvay pou moun Boukan Belye yo. Li pèmèt fanmi ak zanmi ki soti nan diferan kote reyini, pandan l ap kontribye nan lavi ekonomik ak kiltirèl lokalite a. Selebrasyon yo ap bout dimanch 16 dawout la avèk yon gwo mès solanèl an lonè Notre-Dame de l’Assomption.

Li enpòtan pou n raple tou Boukan Belye se yon zòn ki gen yon bèl tradisyon ospitalite. Depi lontan, moun nan lokalite a toujou konnen pou fason yo renmen resevwa etranje, vizitè ak pèleren ki soti nan lòt zòn. Pandan fèt patronal la sitou, tradisyon sa a vin pi vizib toujou, paske anpil fanmi louvri pòt yo pou akeyi moun ki vin patisipe nan selebrasyon an.

Boukan Belye se yon zòn ki pote anpil tras nan listwa kominote a. Pandan plizyè jenerasyon, kèk moniman te sèvi kòm senbòl ak patrimwàn ki te rakonte yon pati nan lavi moun ki te viv nan lokalite a depi lontan. Pami yo, nou ka site ansyen legliz katolik la ansanm ak simityè a. De espas sa yo pa t sèlman kote pou pratike lafwa oswa antere moun ki mouri; yo te reprezante memwa kolektif yon kominote, kote plizyè jenerasyon te kite mak yo.

Malerezman, yon pati enpòtan nan patrimwàn sa yo disparèt oswa detwi avèk tan, sitou akoz mank vizyon ak mank mezi pou pwoteje eritaj istorik lokal yo. Pèt sa yo dwe sèvi kòm yon rapèl sou nesesite pou nouvèl jenerasyon yo, lidè kominotè yo ak otorite yo bay plis valè ak pwoteksyon ak sa ki rete nan patrimwàn Boukan Belye yo. Yon kominote ki prezève tras pase li bay jenerasyon k ap vini yo posiblite pou yo konnen kote yo soti epi konprann pi byen istwa yo.

Jodi a, malgre defi yo, fèt patronal Notre-Dame de l’Assomption lan kontinye pote lavi ak chalè nan Boukan Belye. Lari a anime, fanmi ak zanmi reyini, machann yo ap fè aktivite yo, mizik ak divès lòt aktivite kreye yon atmosfè fèt, pandan pèleren ak vizitè kontinye rive soti nan divès kote.

Se nan mitan anbyans sa a Boukan Belye ap kontinye montre youn nan pi gwo richès li: ospitalite, solidarite ak fyète moun li yo pou kominote yo. Fèt patronal la pa sèlman yon moman selebrasyon relijye ak amizman; li se yon okazyon pou moun retounen sou rasin yo, rankontre youn ak lòt, sonje istwa lokal la epi transmèt tradisyon an bay jenerasyon k ap vini yo.

Pandan selebrasyon yo ap rive nan bout yo ak mès solanèl la, se swè pou lapè, respè ak fratènite domine tout aktivite yo, pou pèleren yo ak vizitè yo kapab retounen lakay yo ak yon bèl souvni sou Boukan Belye, yon kominote ki gen listwa, ki gen memwa e ki toujou konnen kijan pou l resevwa moun ak kè kontan.

LeRasoirinfo@aol.com

www.lerasoirinfo.com

 

Independent news that informs, educates, and brings people together

lerasoirinfo.com is an independent online newspaper serving readers with serious, objective, and responsible reporting. Follow local, national, and international news that matters to your community and your world.

News for an informed community

Explore clear, thoughtful coverage designed to help readers understand current events, discover useful perspectives, and stay connected.

Local news

Stay close to the stories shaping Shelton, Connecticut, and the surrounding community—from public life and events to issues that affect everyday residents.

National news

Follow important developments across the United States with context-driven reporting that puts facts, impact, and public interest first.

Community perspectives

Read stories and commentary that encourage informed conversation, education, and stronger connections within the communities we serve.

International news

Understand major events beyond our borders through responsible coverage of the global news that influences our shared future.

Reporting with independence and responsibility

At lerasoirinfo.com, we believe reliable information is essential to a healthy community. Our mission is simple: inform, educate, and bring people together through independent journalism grounded in seriousness, objectivity, and responsibility.

Stories that connect the local and the global

From Shelton to the wider world, our online journal follows the developments, voices, and ideas worth knowing.

“Example reader feedback: It is useful to find local, national, and international stories in one place.”

— Community reader

“Example reader feedback: It is useful to find local, national, and international stories in one place.”

— Regular visitor

“Example reader feedback: It is useful to find local, national, and international stories in one place.”

— Online subscriber

Stay informed with lerasoirinfo.com

Visit our articles for independent reporting, timely updates, and stories that help inform and unite the community.

Our newsroo

m

Based in Shelton, Connecticut

lerasoirinfo.com
Shelton, Connecticut
United States